
Izrayèl, pitit pitit Abraram nan, te gen 12 pitit gason. Nasyon Izrayèl modèn nan sèlman gen de nan pitit gason sa yo – Jida ak Benjamen. Anpil nan pitit Levi yo enkli tou nan melanj sa a, men Levi pa enkli ankò kòm youn nan pitit gason Izrayèl yo, paske Levi te vin eritye Bondye.
Alò, kisa ki te rive dis lòt pitit gason yo, oubyen tribi yo, pitit pitit Abraram nan? Èske yo pèdi? Anpil moun panse sa.
Èske li ta posib pou remonte migrasyon dis lòt pitit gason Izrayèl yo pou konnen ki kote yo te ale?
E pwofesi? Èske gen yon bagay nan Bib la ki ta ka endike kiyès tribi Izrayèl modèn yo ye dapre akonplisman pwofesi yo?
